Kou aprantisaj lang kreyòl ayisyen.

Lang kreyòl se yon lang  ki soti nan lang esklav yo te pale,  ak lang mèt yo te pale. Lang kreyòl la te pran nesans nan peyi karayib yo. Kreyòl ayisyen pran anpil tan avan li vin yon lang ofisyèl, li te yon dyalèt paske li pa te gen gramè, ni diksyonè. Men koulya Lang kreyòl la vin ofisyèl paske li gen gramè ak diksyonè.

Li enpòtan pou ou pale kreyòl ayisyen, paske l ap ede ou ogmante nan kilti jeneral ou. Aprann ekri ak pale lang kreyòl ayisyen an ap pèmèt ou konnen yon lang revolisyonè, yon lang ki fini ak trèt negriyè, esklavaj, ki enfliyanse revolisyon kont esklavaj nan mond lan.


Deskripsyon kou a

Pou ou aprann pale yon lang ou sipoze konnen règleman pa li. Se pou sa li enpòtan pou ou konnen gramè lang lan. Se li kap pèmèt ou pale ak ekri lang lan. Kou sa se pou ou menm ki vle aprann pale ak ekri kreyòl ayisyen an, oubyen ou menm ki vle grandi konesans ou nan kreyòl ayisyen an.  


Objektif kou a: Aprè kou sa, ou sipoze konnen ki sa yon gramè ye ak òtograf kreyòl ayisyen an. Lè ou fni ak aprantisaj òtograf la, ou pral konnen alfabè lang kreyòl la ak tout tèm ki gen rapò avèk li tankou: grafèm, fonem, diftong, siy pnktiyasyon yo, ak aksan yo. Epi w ap ka itilize yo pou fòme mo ak fè fraz.



Definisyon gramè

Gramè se liv ki gen tout règ kijan yon lang òganize, kijan ou ka pale li ak kijan ou ka ekri li. Se yon sistèm ak estrikti ki ede estandalize fason ou pale, ekri ak konprann youn lòt.


 

Ayisyen Alfabè kreyòl 

Premye sa ou dwe konnen se lèt ki konpoze lang kreyòl ayisyen an. Alfabè kreyòl la gen 32 senbòl, 14 vwayèl ak 18 konsòn ki divize an plizyè pati. Gen nan senbòl yo ki gen youn (1) oubyen de (2) ak twa (3) lèt ladann. 


Men Alfabè kreyòl la : a d f j n on r v an e g k ng ou s w b è h l o oun t y ch en i m ò p ui z


Vwayèl yo se:  a on an e ou w è o oun y en i ò ui


Vwayèl yo  divize an kat pati : 


Vwayèl oral  yo ki se: a e è i o ò ou

Vwayèl nazal yo ki se: an en on oun

Vwayèl espesyal ki se; ui

Demi vwayèl ou semi vwayèl yo  ki se; w y

Konsòn yo se : b ch d f g h j k l m n ng p r s t v z 

Konsòn yo divize an de pati :

Konsòn oral ; b ch d f g h j k l p r s t v z 

Konsòn nazal; m n ng


Alfabè kreyòl la ak tout siy fonetik entènasyonal li ant parantèz :

a (a)              an (ãn)               b  (b)                ch (ʃ)

d (d)              e (e)                   è (ɛ )                en (

f (f)               g   (g)                 h  (h)                i (i)

j (ʒ)               k  (k)                 l   (l)                m (m)

n(n)              ng (ɲ)                 o   (o)               ò (᧑)

on ()             ou (u)                oun  (un)          p (p)

r (r)               s(s)                  t (t)             ui(ɥ) 

v (v)              w(w)              y(j)                z (z)



Akademi lang kreyòl la rekondwi Alfabè 1979 la rekonèt lang kreyòl ayisyen an genyen trann-de (32) son ladann (syans lengwistik yo rele sa fonèm). Fonèm nan se fason ou repete senbol nan Alfabè a, sa vle di son yo bay senbòl la. 

Alfabè a reprezante son sa yo avèk 32 senbòl, chak senbòl reprezante yon grafèm (Yon grafèm se reprezantasyon chak son nan Alfabè). Pami 32 grafèm sa yo genyen ki fèt ak yon (1) grenn lèt, genyen ki fèt ak de (2) lèt (lengwis yo rele grafèm sa yo digraf), epi genyen ki fèt ak twa lèt (lengwis yo rele grafèm sa yo trigraf). 


NB: kantite grafem ki nan yon mo ap menm kantite fonem ki ladann. 

Egzanp: manje gen kat (4) grafèm ak fonem, kale gen kat (4) grafèm ak fonem. 


Diftong

Lang Kreyòl la genyen yon sèl difton (Yon diftong se yon fonèm ki geyen de son.

Diftong ui genyen son : wi ak you).

Ui = ui

Ui = wi

Se sa sèlman ou bezwen konnen pou leson sa a. Pi lwen nou va moutre plis toujou sou zafè diftong.


Aksan

Aksan yo se yon karakteristik pwononsyasyon pou yon mo nan yon lang. Li espesifik a yon rejyon oswa a yon anviwonman sosyal. Yo karakterize li pa chanjman nan debi, pwononsyasyon ak entonasyon. 


 Aksan grav

Sistèm kreyòl ayisyen an sèvi ak yon sèl aksan ki se aksan grav. Yo konn rele l aksan fòs. Aksan grav la gen 2 fonksyon:

  1. Li sèvi pou fè diferans ant de grafèm; e ak è, o ak ò

Egzanp: 

e epi è; ou pale anpil nan kay la,

ou ale nan palè sansousi a.

o epi ò; Marina pote yon bokit dlo;

Bòlèt pasyans lan peye byen.


  1. Li anpeche ou konfonn grafèm "a" devan "n" ak grafèm "an". Sa vle di li anpeche nou pwononse "an" (ã) nan plas "a-n" [an] ki reprezante de grafèm.

      Egzanp : 

"an" epi "àn" ; Mariz kanpe sou ban lekòl la, 

bekàn Jozèf la tou nèf.


Aksan sou majiskil

Toujou mete aksan sou lèt majiskil lè son an mande l.

Egzanp:

Àn Mariz, KREYÒL



Apwostwòf:

Lè  mo a tankou  « mwen, ou, li, nou, yo» parèt sou fòm kout ( m, w, l, n, y), nou pa dwe kole yo ak mo ki vini avan yo a, ni ake mon ki vini aprè yo a. Annik kite yon espas pou ou separe yo ak lòt mo.


NB: Yo pa itilize apostwof nan lang kreyol la.


Egzanp:

  • M ap vini.

  • L ap manje pen.

  • Makiz pran manje pa w la.

  • N ap pran twa jou konje.

  • Y ap tounen après kou a.

  • Pa kenbe pye l.


Tirè:

Ou kapab sèvi ak tirè pou ou separe yon mo nan finisman yon liy, epi lè nap separe pawòl diferan pèsonaj nan yon dyalòg. Nou kapab itilize li pou nou make yon dire, yon entèval oubyen pou nou òdone yon lis.

Egzanp :

  • 8è - 9è

  • 2022 - 2023

  • Paj 40 - 53


Siy ponktyasyon

Non diferan siy ponktyasyon yo:

,             => Vigil

.             => Pwen

:             => 2 pwen

;             => Pwen vigil

?            => Pwen entèwogasyon

!             => Pwen esklamasyon

«»          => gimè 

( )           => Parantèz

…           => Pwen sispansyon

Kou aprantisaj lang kreyòl ayisyen.
Scroll to top